Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jòb 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?” Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Senyè a mande l: — Kote ou sòti? Satan reponn: — Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade.

Gade chapit la Kopi




Jòb 2:2
7 Referans Kwoze  

Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”


SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?” Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”


Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a.


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


“Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen.


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite