3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li pou mennen li an jijman avèk W?
3 Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l?
Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.
Ou mete pye m nan chenn e ou veye tout chemen mwen yo. Ou limite distans pla pye m kab rive,
Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye ke L ap repwoche ou? Ke l ap antre nan jijman kont ou?
Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li, pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?
Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.