5 Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou!
5 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.
Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? Lè ou moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
“Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van a? Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
“Pou jiskilè ou va chase pawòl? Montre bon sans ou pou nou kab pale.
Pou konbyen de tan, nou va toumante m, e kraze mwen avèk pawòl yo?
Gade mwen! Vin etone! Kouvri bouch ou ak men ou!
Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.
Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? Akoz yo rete e pa reponn ankò?
Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj; lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl.
Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.