Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jij 8:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men, Jedeyon reponn yo: — Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Senyè a ki va chèf nou.

Gade chapit la Kopi




Jij 8:23
14 Referans Kwoze  

SENYÈ a se Wa a pou tout tan! Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.


Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.


Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.


Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo, tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.


Se pa ke nou menm ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.


Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.


Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”


Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.


Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”


Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”


“Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite