13 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la.
13 Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen sòti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la.
Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.
Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm.