Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.
Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan teren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch teren an.” Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la.
Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun.
Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a.