Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jij 16:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Samson reponn li: — Si yo mare m avèk sèt kòd tou nèf ki poko fin cheche m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.

Gade chapit la Kopi




Jij 16:7
12 Referans Kwoze  

Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.


Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse, bokou mwens lèv kap manti sou yon prens.


Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis.


Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.


Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,


Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.”


Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.”


Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo.


Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.


Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”


Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?” Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite