Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jij 15:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Yo di l: — O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l byen mare epi yo tounen avè l sòti nan twou wòch la.

Gade chapit la Kopi




Jij 15:13
4 Referans Kwoze  

Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè.


Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo: “Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”


Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.


Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite