Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jij 14:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Madanm a Samson te kriye devan li e te di: “Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.” Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Se konsa madanm Samson al jwenn mari l, li pran kriye sou zepòl li, li di l konsa: — Ou pa renmen m! Se rayi ou rayi m! Ou bay zanmi m yo yon kont, ou pa janm di m sa l vle di! Samson reponn li: — Gade, machè! Mwen pa menm di papa m ak manman m sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l?

Gade chapit la Kopi




Jij 14:16
4 Referans Kwoze  

“Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”


Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo.


Alò li te di li: “Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.”


Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite