Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.
Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman.