Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Juda te monte e SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 moun Jida yo, yo moute al goumen. Senyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (10.000) sòlda nan lavil Bezèk.

Gade chapit la Kopi




Jij 1:4
17 Referans Kwoze  

Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?” Konsa, li te reponn li: “Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.”


Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”


Ou menm, avèk pwòp men Ou, Ou te chase mete nasyon yo deyò, men Ou te plante yo. Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo, Ou te gaye yo toupatou.


Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.


epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.


Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.


Konsa, Juda te di a Siméon, frè li: “Vini avè m nan teren ki te vin tonbe pou mwen an, pou nou kapab goumen kont Kananeyen yo. Epi lè nou retounen, mwen va ale avè w nan teren pa w la.” Konsa Siméon te ale avèk li.


Yo te rankontre Adoni Bézek nan Bézek. Yo te goumen kont li, e yo te bat Kananeyen yo avèk Ferezyen yo.


Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li.


Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo.


Li te konte yo nan Bézek e fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil.


Men si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi sa va sinyal pou nou.”


Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite