Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Senyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l di sa li pa di.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 8:8
18 Referans Kwoze  

Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”


Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou,


li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.


Li deklare pawòl Li yo a Jacob, règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.


Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo.


Malgre sa Mwen te ekri pou li règleman san fen de Lalwa Mwen yo, men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.


Pitit a pitit se kouwòn a granmoun, e glwa a fis yo se papa yo.


Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.


“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


“‘“Mwen va fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.


Premye zansèt ou yo te peche, e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.


Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.


“Kòman nou ka di: ‘Nou se vanyan gèrye e moun plen kouraj pou batay’?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite