Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 7:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 7:8
14 Referans Kwoze  

“Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.”


Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.


Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki twonpe pwòp kè yo?


Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun, ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo. Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an, yo tout lanvi gen sa ki pou lòt. Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.


Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’


Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?


Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”


ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.


Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.


Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti.


“Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite