Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 7:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Men, se pa mwen y'ap fè mal. Se Senyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 7:19
21 Referans Kwoze  

Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?


Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.


Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion: ‘A la detwi nou vin detwi nèt! Nou te vin mete nan gwo wont, paske nou te kite peyi la, akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


Yo va desi, imilye menm, yo tout. Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.


Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo, Toupwisan Israël la, deklare: “Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo; M ap pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.


men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”


Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li? Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?


Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.


Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. Avèk bagay abominab, yo te pwovoke Li a lakòlè.


Èske Se pa ou menm ki fè sa lè ou kite SENYÈ Bondye ou a, pandan Li t ap mennen ou nan chemen an?


Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”


Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.


Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo, ak moun ki renmen ou yo, y ap wale an kaptivite. Konsa, ou va anverite wont e imilye akoz tout mechanste ou yo.


“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”


akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Ejipsyen yo, vwazen ou yo ak gwo anvi lachè e ou te ogmante pwostitisyon ou an pou fè m vin fache.


Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite