Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 7:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Resanm nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 7:11
16 Referans Kwoze  

alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a rele pa non Ou.


Lè nou vin parèt devan M, kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?


menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”


Anplis, sou jip ou, yo twouve san lavi a malere ki inosan yo. Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou. Men se akoz tout bagay sa yo,


Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”


akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”


epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?


Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”


O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.


Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”


Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”


A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”


Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite