Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò.
Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem.
Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li.
Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.