Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 52:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt, ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 52:22
9 Referans Kwoze  

Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude.


Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.


Ou va mete lòt de pwent kòd yo nan de monti fèt byen fen yo, e mete yo sou pyès zepòl a efòd la, pa devan li.


Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo.


Anplis, li te mete kat-san grenad pou de sistèm rezo yo, de ranje grenad pou chak sistèm rezo, pou kouvri de tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite