Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:60 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

60 Konsa, Jérémie te ekri nan yon sèl woulo tout malè ki ta rive sou Babylone yo, sa vle di tout pawòl sila ki te ekri konsènan Babylone yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

60 Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:60
11 Referans Kwoze  

Koulye a, ale, ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan.


Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone e kont moun k ap viv Chaldée yo, lespri a yon van kap detwi.


Epi Jérémie te di a Seraja: “Depi ou vini Babylone, alò, fè si ke ou li tout pawòl sila yo a wot vwa,


Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”


ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”


“Konsa, ekri bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite