Jeremi 51:59 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen59 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.) Gade chapit la1998 Haïtienne59 Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja. Gade chapit la |