Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:50 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

50 Nou menm ki te chape anba nepe yo, sòti! Pa rete menm! Sonje SENYÈ a de lwen; kite Jérusalem parèt nan lespri ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

50 Senyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: — Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:50
24 Referans Kwoze  

Priye pou lapè Jérusalem. Sila ki renmen ou yo va pwospere.


Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”


Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.


Souke leve kò ou sòti nan pousyè a, O kaptif Jérusalem nan! Retire chenn sa yo nan kou ou, O fi kaptif a Sion an.


“Plase pou ou menm ransèyman chemen yo; mete pou kont ou poto k ap dirije. Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an, wout sou sila ou te ale a. Retounen, O vyèj Israël; retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.


Sila ki chape anba nepe yo va retounen sòti nan peyi Égypte pou rive Juda p ap gen anpil menm. Nan lè sa a, retay Juda ki te ale nan peyi Égypte pou rezide yo, va konnen pawòl a kilès k ap kanpe, si se pa M nan, oswa pa yo a’.


“Detounen kite mitan Babylone! Sòti nan peyi Kaldeyen yo. Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann an.


“Sòti nan mitan li, pèp Mwen an e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.


“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.


Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo.


Alò, mesye sila yo te reyini ansanm e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a.


Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite