Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 51:48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

48 Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va rele fò ak jwa sou Babylone; paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

48 Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap sòti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:48
15 Referans Kwoze  

“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.


Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!


Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.


Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”


“Gade byen, yon pèp ap vini soti nan nò, Yon gwo nasyon ak anpil wa va leve soti nan dènye pwent latè.


Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.


Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.


Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite