Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Wi, men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:33
15 Referans Kwoze  

Paske avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo.


O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.


“Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan; Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.


Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou. Yo te brile marekaj yo ak dife, e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”


Ou menm tou, O Juda! Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm, lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.


Fè antre boutdigo rekòlt la, paske rekòlt la vin mi. Vin mache foule anba pye, paske pèz diven an vin plen. Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.


Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a, ni yo pa konprann bi Li a; paske Li te ranmase moun sa yo, kon pakèt sereyal yo, pou pote sou glasi vannen an.


Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.


Nan gwo kòlè Ou, Ou te mache travèse tè a. Nan kòlè Ou, Ou te foule mache sou nasyon yo.


Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”


Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite