Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Youn kouri rankontre yon lòt; yon mesaje rankontre yon lòt, pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire, soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Mesaje sou mesaje ap kouri bridsoukou al di wa Babilòn nan lènmi anvayi lavil la nèt.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:31
16 Referans Kwoze  

Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.


Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou cheval ki te nan ras cheval wayal yo.


Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.


“Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.


Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman.


“Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’


Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”


Wa Babylone nan te tande rapò de yo, e men li pann san fòs. Gwo dekourajman sezi li; gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.


Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou. Yo te brile marekaj yo ak dife, e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”


Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite