Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Konsakre nasyon yo kont li, Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo, ak tout peyi ke yo konn domine yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Pare tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:28
18 Referans Kwoze  

Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.


Fis a Japhet yo: Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec avèk Tiras.


nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.


Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo?


Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo.


Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.


(Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”


epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo;


“Gade byen, yon pèp ap vini soti nan nò, Yon gwo nasyon ak anpil wa va leve soti nan dènye pwent latè.


“File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.


“Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.


Peyi a ta tranble e tòde; paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe, pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.


Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan.


Alò, O wa, fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.”


Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo.


Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo—


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite