Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 “Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y'al atake l. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:27
24 Referans Kwoze  

Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.


Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la.


Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.


Fis a Gomer yo: Aschkenaz, Diphat, avèk Togarma.


Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.


Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li.


(Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”


“Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a; anverite, li p ap twouve ankò; paske yo plis pase gwo lame krikèt volan. Fòs kantite yo depase kontwòl.


“Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’


Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!


Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.


Leve yon sinyal kont miray Babylone yo! Plase yon gad byen fò! Pozisyone santinèl yo, mete gason an anbiskad. Paske SENYÈ a pa t sèlman fè plan, men te acheve objektif sa Li te pale konsènan sila ki rete Babylone yo.


SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li. Li te di: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’


Konsakre nasyon yo kont li, Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo, ak tout peyi ke yo konn domine yo.


“Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon.


Pwoklame sa pami nasyon yo: “Prepare nou pou fè lagè! Anime mesye pwisan yo! Kite tout sòlda yo vin pi pre. Kite yo monte kote nou.


Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?


Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la.


Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite