Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 50:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo tankou fanm san nanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:37
20 Referans Kwoze  

Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.


Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.


Avèk ou, Mwen kraze cheval la ak sila ki monte sou li. Avèk ou, mwen kraze cha lagè a, ak sila ki monte ladann nan.


Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran. Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a, va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.


epi tout etranje yo, tout wa peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo;


Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.


“‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup aliyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”


Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.


Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’


“Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”


Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’


Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an. Ouvri depo li yo. Anpile li kon gwo pil. Detwi li nèt. Pa kite anyen rete pou li.


epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo;


Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.


Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.


Yo va tonbe atè mouri nan peyi Kaldeyen yo, frennen nèt, kouche nan lari yo.


Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm. Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.


Chaldée va vin yon viktim; tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,” deklare SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite