Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 50:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 “Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Men sa Senyè a di ankò: — Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l yo!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:35
22 Referans Kwoze  

“‘Ah nepe SENYÈ a! Pandan konbyen de tan ou va refize vin kalm? Ralanti, rantre nan fouwo a; repoze e rete trankil.’


Nepe va tonbe kont vil yo, pou kraze pòtay ak fè fòje yo, e li va fè tout plan yo disparèt.


Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.


Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.


Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”


Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:


Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.


Pou sa, jennonm pa l yo va tonbe nan lari; e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.


Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. Ki kalite sajès ka rete nan yo?


Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.


ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;


Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt; depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, tankou bòs kanari mache sou ajil.


pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:


Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini zidòl taye a Babylone yo. Konsa, tout peyi li a va vin wont, e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite