Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 50:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Tande bri a sila k ap sove ale yo, ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan, pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an; vanjans pou tanp Li an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Senyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè Tanp li a.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:28
14 Referans Kwoze  

Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”


Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.


“Sòti nan mitan li, pèp Mwen an e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.


“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.


Advèsè a te lonje men l sou tout bagay presye fi a te genyen; li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a; sila ke Ou menm te kòmande pou yo pa antre nan asanble Ou a.


men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite