Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 5:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Gade chapit la Kopi




Jeremi 5:31
37 Referans Kwoze  

Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli.


Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo.


Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.


Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.


Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?


Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, ke yo te konprann avni yo!


“Pa pwofetize”!—yo pwofetize— “Pa pwofetize de bagay de sila yo. Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”


Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.


Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”


Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; tranbleman fin sezi enkwayan yo. Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?”


Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, se kòman nou va chape?’”


Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”


Premye zansèt ou yo te peche, e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.


Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.


Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”


Prèt yo, pwofèt yo ak tout pèp la te tande Jérémie pale pawòl sa yo lakay SENYÈ a.


Akoz peche a pwofèt li yo ak inikite a prèt li yo, ki te vèse nan mitan li san a moun ladwati yo.


Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin ranpli, paske dènye moman nou vin rive.


Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, se konsa prèt la ye. Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.


Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay. Gen pwostitisyon nan Éphraïm. Israël souye pwòp tèt li.


Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a, ak nan jou a fèt SENYÈ a?


“Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo. Mwen va wè kijan yo fini; Paske yo se yon jenerasyon pèvès, fis ki pa fidèl.


Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”


Yon malfektè koute lèv mechan yo; yon mantè prete atansyon a yon lang kap detwi.


“‘Akoz, anverite yo te egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho.


Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite