Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m nèt. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 5:11
9 Referans Kwoze  

“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.


Anverite, Ou pa t konn tande yo, ni ou pa t konnen yo. Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri, paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken. Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.


Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a. La, yo pa t fidèl anvè Mwen.


Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.


Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”


“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.


O ke m ta gen nan dezè a, yon plas pou moun k ap vwayaje rete, pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an. Pou m kite yo nèt! Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.


Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite