Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 49:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Mwen va mennen sou Élam kat van ki sòti nan kat pwent syèl yo, e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo. P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. P'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 49:36
18 Referans Kwoze  

Chamo pa yo va devni piyaj, gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran, Mwen va gaye bay tout van yo a sila ki koupe kwen cheve yo; e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,” deklare SENYÈ a.


Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.


“Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè.


Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.


Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.


Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”


Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.


Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.


Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”


Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare: “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”


Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.


Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.


SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.


“Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.


“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.


Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite