Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 49:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Gade byen, Mwen va kraze banza Élam nan, pi fò nan pwisans pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 49:35
8 Referans Kwoze  

Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.


Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.


Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.


“Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.


Monte lign batay ou kont Babylone tout kote, nou tout ki konn koube banza. Tire sou li. Pa konsève flèch nou yo, paske li te peche kont SENYÈ a.


Nan jou sa a, Mwen va kraze banza Israël la nan vale Jizreel la.”


“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”


Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite