Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 48:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Plis ke kriye pou Jaezer, mwen va kriye pou ou, O chan rezen Sibma a. Chan rezen nou yo te lonje rive lòtbò lanmè a. Yo te rive nan lanmè Jaezer a. Sou fwi gran sezon ak rekòlt rezen nou, destriktè a vin tonbe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men kounyeya, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 48:32
13 Referans Kwoze  

Moïse te voye espyone Jaezer. Yo te kaptire vil li yo e te piyaje Amoreyen ki te la yo.


Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a,


O fi ki rete Dibon an, “Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk; paske destriktè Moab la te vin kont ou. Li te detwi sitadèl ou yo.


Moab fin detwi nèt, e moun fin monte kote vil li yo; anplis, jenn mesye pi chwazi li yo fin tonbe nan gwo masak,” deklare Wa a, ki pote non a SENYÈ dèzame yo.


Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.


Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”


Hesbon, avèk teren patiraj pa li, Jaezer avèk teren patiraj pa li; kat vil antou.


Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.


Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha,


Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt.


Teritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a,


“Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite