Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 47:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “‘Ah nepe SENYÈ a! Pandan konbyen de tan ou va refize vin kalm? Ralanti, rantre nan fouwo a; repoze e rete trankil.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Adye! Kilè nepe Senyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 47:6
20 Referans Kwoze  

Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”


SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.


Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,


Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.


Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an.


Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.


Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”


“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.


“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’


Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?


“Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.


“Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!


“Ni, si Mwen ta mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’—


Remete li nan fouwo a. Nan plas kote ou te kreye a, nan pwòp peyi ou an, Mwen va jije ou.


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”


Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite