Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 47:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd, zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo, papa yo pa p retounen pran pitit yo, men men yo va lage nèt ak sezisman.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 47:3
14 Referans Kwoze  

Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, e wou cha li yo tankou toubiyon.


An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.


Yo sezi banza yo, ak lans yo; yo mechan e yo san mizerikòd. Vwa yo gwonde tankou lanmè. Yo monte sou cheval yo, chaken byen òdone tankou moun pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.


Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.


Yo va vini kont ou ak zam, cha, ak charyo e avèk yon gwo twoup moun yo. Yo va mete yo menm kont ou avèk zam, cha e avèk gwo twoup moun. Yo va mete yo kont ou tout kote ak nepe, boukliye ak kas. Konsa, Mwen va angaje jijman a yo menm e yo va jije ou selon koutim yo.


Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray.


Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè.


Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay.


Epi zago cheval yo te bat akoz kous la; kous a tout gwo zago pwisan sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite