Jeremi 46:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen27 Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble. Gade chapit la1998 Haïtienne27 Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò. Gade chapit la |