Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 44:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Nou deyò pou nou fè m fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?

Gade chapit la Kopi




Jeremi 44:8
29 Referans Kwoze  

alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.


Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.


Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.


Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.


Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo.


SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.


Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.


Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,


“Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’


Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.


akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.


“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.


Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen,


Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’


Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.


Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.


Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil.


Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.


Paske kilès ki te fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite