Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 44:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Epi tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medanm ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:

Gade chapit la Kopi




Jeremi 44:15
14 Referans Kwoze  

Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo.


Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche.


Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.


Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.


pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa; avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm, pou ou pa ta di: ‘Se zidòl mwen an ki te fè l; imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an ki te kòmande yo.’


Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di:


Fanm yo te pale: “Lè nou t ap brile sakrifis a rèn syèl la, e nou t ap vide ofrann bwason a li menm, èske se te san mari nou ke nou te fè pou li gato sakrifis nan imaj li e te vide ofrann bwason a li menm?”


Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete nan peyi Égypte la,


Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb.


Mwen va fè Pathros vin dezole, mete dife nan Tsoan, e egzekite jijman sou Nò.


“Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm.


nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan),


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite