Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di:
“Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.