Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 43:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpnaès.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yo pa koute lòd Senyè a, yo rive jouk lavil Tapanès.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 43:7
11 Referans Kwoze  

Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di:


Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo te brize kouwòn tèt ou a.


“Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’


Paske prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès.


Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.


Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte!


Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete nan peyi Égypte la,


Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo.


Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte,


Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite