Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 43:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Elyopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 43:13
13 Referans Kwoze  

Alò, Farawon te nonmen Joseph Tsaphnath-Paenéach. Li te bay li Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an, kòm madanm li. Epi Joseph te plase sou tout peyi Égypte la.


Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.


Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.


Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. Yo pa t ka delivre chaj lou a, men yo menm vin prizonye yo.


Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”


Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a;


Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite.


Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di:


SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo.


Ak zago cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè.


“‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Anplis, Mwen va detwi zidòl yo, e fè imaj yo sispann nan Noph. P ap gen prens ankò nan peyi Égypte. Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.


Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe. Y ap antre an kaptivite.


Anplis dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte. Konsa, li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite