Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 41:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se konsa katreven gason ki te sòti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan Tanp Jerizalèm lan.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 41:5
28 Referans Kwoze  

Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.


Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.


Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem.


Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale.


Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a.


Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel.


Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan.


Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan.


Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife.


Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale.


Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo. Yo plen tristès akoz pousyè li.


Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,


Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.


Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.


Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa,


Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou?


Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.


“Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.


Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.


Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.


“Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.


Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.


Alò, yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo.


Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a.


Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di:


Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite