Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 40:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.” Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l ankò: — Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l nan mitan pèp la. Ou gendwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l manje, epi li voye l ale.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 40:5
24 Referans Kwoze  

te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.


Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.


pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?”


Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.


Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,


Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.


Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.


Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, e moun ki enb lan, Li va sove li.


O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.


Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan;


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:


Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li.


Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a:


Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,


akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite