Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 39:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylon yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 39:3
6 Referans Kwoze  

Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv.


‘Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou vire zam lagè ki nan men nou yo, zam ak sila n ap batay kont wa Babylone nan, ak Kaldeyen k ap fè syèj nou deyò miray la. Konsa, Mwen va rasanble yo nan mitan vil sa a.


Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo,


Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a; “Yo va vini, e yo chak va plase twòn yo nan antre pòtay Jérusalem nan, kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.


Moun Babylone yo te fè Succoth-Benoth, moun Cuth yo te fè Nergal e moun Hamath yo te fè Aschima.


Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite