Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 39:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 39:14
18 Referans Kwoze  

Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad yo jis rive jou ke Jérusalem te vin kaptire a.


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a:


Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzil a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo.


Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te anprizone nan lakou kay gad la. Li te di:


Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


jiskaske pawòl li te vin acheve. Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm.


Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li.


Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:


Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.


Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo,


Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.” Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale.


Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.


Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,


Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte.


Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite