Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 38:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 alò, ou gen pou di yo: ‘Mwen t ap prezante siplikasyon mwen yo devan wa a, pou l pa fè m retounen lakay Jonathan pou m pa ta mouri la.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Lè sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l pa voye m tounen nan prizon lakay Jonatan pou m pa mouri la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 38:26
5 Referans Kwoze  

Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”


Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.


Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an,


Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.


Epi tout ofisye yo te vin kote Jérémie pou te kesyone li. Pou sa, li te reponn yo selon pawòl ke wa a te kòmande yo. Epi yo te sispann pale ak li, konsi konvèsasyon an pa t koute pa okenn moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite