Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 36:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l la. Men Senyè a pa kite yo jwenn yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 36:26
34 Referans Kwoze  

“Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an.


“Leve ale Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”


paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)


Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”


Epi li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.”


Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a,


Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò.


Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’”


“Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”


Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.


Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.


Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.


Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.


Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a sila ki fè mechanste yo.


Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.


Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.


Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.


“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”


Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a.


Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.


Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.


Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.


Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite