Jeremi 35:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’” Gade chapit la1998 Haïtienne11 Men, lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, anvayi peyi a, nou yonn di lòt: Ann antre lavil Jerizalèm pou nou chape anba lame moun Babilòn yo ak lame moun peyi Siri yo. Se konsa nou vin rete lavil Jerizalèm. Gade chapit la |
gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.