6 Epi Jérémie te pale tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem
6 Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesay sa a lavil Jerizalèm.
Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm. Epi li te di: “Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.
Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.
Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye.
Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”
Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”
Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.