Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 33:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fòtèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m yo. Kontra sa yo p'ap janm kase.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 33:21
16 Referans Kwoze  

Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.


alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’


Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.


Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?


Ou te fè nou vin wa ak prèt yo a Bondye nou an; epi nou va renye sou tè a.”


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.


Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.


Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.


“Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite